Oh! Shit! Yo! Hype, where you get this beat from? Ha! Ha! Yeah! This is family business (Majic Click) (Zafè Fanmi, BC colabo niggaz) No bitchass niggaz (2 kondane) (Zafè Fanmi, BC colabo niggaz) BC! Yo! Ou wè trak sa, l gen plis valè k on tablo Picasso Tout nèg se malè e n ap design li man ak anpil fat flo Vin Swiv sa k cho, sa k bo, koz time is ready Review sa k flo, sa k dope koz time is ready Par BC, Majik, F, 2 kondane, Yaku BPC man, nou bay plis èd E n fèl ak sa k vlea tou Nou, pat ret sou beef lan koz nou konn kiyès ki énmi n (Aaa!) N ap fè menm bagay avè w, nou ka konprann ti jès ou egri n Banm di w, pi gwo enmi w s on sistèm ipokrit jounalis k ap jere biznis Tandans ki gen plis finans lan man, yo di se li k pou prime. Fuck that! Pou mwenmenm se sa k gen plis resistans ak lanmou an, li k pou rive Pa bliye, lajan gen pou fè fatra nan pòch nou 3/4 nan pòch nou, pafwa konn twòp tou Pou al bay kout kòb tou E lè sa y ap vini kan mèm koz ras moun sa yo pa gen gou Rap la ap fout eklate nan figi yo, y ap vin jwenn nou! M oblije fenmen je m, pou m fè apèl ak memwa m Pou m fè yon look-back sou tout sa m wè tout sa m viv, reyalite m Ak tout sa m kwè tout sa m feel Bon pati nan pase m nan enkonsyan m yo klase Men sou vi m yo ase, pou m fè yon dyagnostik diferansyèl Sou koz dezekilib nan aksyon, reyaksyon Pou chak espas tan mwen sonje M te konn wè fènwè nan lajounen Pandan se 3 jounen ak san danje mwen Se pa toutan n ka fè yon dwat ak yon ranje pwen Tout moun fleksib, se yon bagay ki natirèl tout moun flechi M rete kwè n pa dwe fè anyen ak de kè ni pasyon Nou oblije kolabore met yon balans ak detèminasyon Pa gen efè san koz, pou gen 10 santèn konsekans Nou dwe fè mil aksyon Isi se, BC e Sa k bay pou rap, Wè! Ladan l nou toujou kwè Ou wè lè pou n pote yon sa k pwa avèk jwa ou pèn Sak bay pou rap, Mhm! Ansyen sa kap vin apèn, inisye yo man nan syans rap la de A a Z Moun ki vle rive itilize sèvo l kòm bonm li N on sosyete ke w vle l ou pa chak grenn nan nou gen gang li MCs blo fake-ass pou nou sispann bay aspè lapè Andidann tou fò n blo perèz pou n ka gen aksè lagè Kòb nan pòch nou bouche gaz lòt Lè n gen ansanm tou, n tou fè gagòt Freestyle nan blòk nou chak swa pou n ka chèche vibe lòt Jan w wè yon move click ka kraze tout yon sistèm Yon kout lang tou ka met an fayit, menm fè mouri yon sè w Ou gen 16 mizik deyò, yo poko janm ka dekouvri w 3 moun ki tande w: Papa w ak 2 kouzin ou (Shit!) Mizik sa w pa bezwen pare kò w pou w gouye, pare kò w pou w woule Non nou pa pote l pou tout vil Depi sou non m Yakuza, real underground, toujou la Rapè se don m e m bon pou sa (Yow!) Grouv sa, Zafè fanmi ki sou sa (Yow!) Son dream team, malè w egri mdi w sa (Yow!) Move la! Ou ka plis viktim Sou enstrimantal nou son kout tonnè Aparisyon BC fò w pale fò w fout pran kè Okontrè nou se sa w konnen an Goumen pou sa w kwè nan bren an Sa w renmen an, Zafè Fanmi se espwa w demen an Ann pron beat flo moulan Dousman, yon mizik ki touchan, epoutan Miltisilabik lirik men l touchan Trè jouman Snitch lan pran kouran 12 zan nan mouvman an Refugee loko deja grave non l nan listwa MC si w sou sa mwen deja siyen non m Yakuza nèg Bèlè Massif Yo! Son, si w egri n done vine diss mwen nan figi m (Pa voye moun vin di m!) Lè yo wè m yo di piti saa, yo ta pla pou li Aprann sa [?] ke se pa sa pou w di Lè w wè m pa kouri m ap ret kanpe Menm lè abiman ou pran fè w santi rat mouri M ap ret tann ou pou w fè sa w vlea menm lè kè w sou bouda w Ou twò fake black ou ba w pèse koulwa w Premye fwa m wè yon chen jape fò men l paka mòde Men atansyon w konn si w pale twòp m ka fout fè w poze Ranyon! M koprann sa k fè tout tenten se sou nou w ta di Se paske w pa vo anyen tankou fatra ki bò lari Tout real niggaz an n fon gwo konbit Paske m aprann gen nèg ki dread ki nan pèse lonbrit Ou tankou rad sal lè yo souke w se pousyè ki sòti Mete w fas a Barikad jus pouw fè chobiz Ou nan erè koz je pèp la kale tankou k*k mwen Ou mèt fè sa ou vle m avek Be real ou konnen w pap ka fuck mwen (Next) Twenty MCs tout pa gen menm skills, skills Men nou met kriz lè DJ jwe this (BC!) Fan nou louwe Kris, lè n roule se Bis! Bis! Sou radyo, nan biwo, kamyonèt bis, bis Grasadye nou gen beat Fred nou nan men nou Imite n pa irite n sa s on kout frèt tou nan ren nou Mete n sou balans siksèa, BC peze pwa lou Nou pa ‘on pwa plim, s on bann a plim ki fè n pap janm ka nou Vwa men nou ka fè angrè pou bay latè detoutfason, n pap janm ka nou Lè n met rekò n nou k bat rekò n, N ap kriye n te la lontan Foucha k teni frèch kòm pilye n te la dantan Dat nou la n pa fè anyen limye n briye n deja pran tan Rap nou hot san pè anyen, n fè bliye n deja tchanpan Bas-Peu-de-Chose santral Barikad Crew Ak nouvel metòd Ipap n ap mete barikad tou N ap fout fèl se nou k kapab G-no pou bare sa k fou Liriks nèg yo make j'ai besoin epi y ap di yo se underground team boss Si w pa jwenn swen m ap di w: You can come around us Koz nan pòch nou lajan stil fè fatra E si ou pa pròch nou wap stil an 2 K Nou sonnen son klòch la, poun vin bay plis traka Ane a kondane yo pran twòp kout pitit Men kisa 2 sa vin ap fè devan Kòm tit Kilè w ap ouvri je w pou w konstate? Epi aksepte ke zafè fanmi nou vin tou danble Fake wè n li pran tranble Paske avè yo nou pa fout sanble Nigga danje Pa pran chans touche n Blaaa! Blaaa! Blaaa! Kounya n close pozitif, nou la yo! Bas peu de chose, Man actif kolabo 2 kondane 4 sure Aa! Yo! Hype. Ou konn sak pi trip sou trak sa man? Sè ke nèg yo ap veye kote'm ye man E sak Zafè Fanmi an 'ande man (BPC!) Man Aktif Kolabo! Pa gen manti nan sa Santral Rap la man Si pou m ta di yon baay anplis sou sa, m pa konn kisa l t ap ye man (Yo! Fèmen bouch ou, man)