Nou bezwen limyè pou n ka wè pi klè Pou nou ka vanse woy Nou pa wè limyè Pou tout sa n fè, yo ka pa ka mache Men fò nou sispann gasipye Travay pou n avanse Nou g on peyi pou nou sove Li lè li tan pou nou leve, leve Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo Yon mesaj pou jenerasyon sa a M pot limye pou m fè nou wè Yon bèl avni ke m vle ofri nou M ap montre n imaj pou m fè nou kwè Ou ka pa konnen m, men nou ka sè Ou ka pèdi fòs, men nou pa fèb Lè nou met ansanm kisa nou pap fè Nou s on bèl nasyon Pouki nou pa fyè? Nou g on pouvwa ke n pa konnen Nou kite nenpòt moun ap dirije n Si n fè yon sèl pou n konstwi peyi sa a Okenn nasyon pap ka divize n Dèfwa n bliye sa n ye Nou bliye règ nou, nou bliye sa n vle Nou bliye istwa, ke n s on pèp ki sakre Leve tèt nou Jenerasyon sa a vle Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen Hmm M pral mete men Konstwi on lòt demen Pou sa k ap vini yo An n fè sa pi byen Pou sa k kite yo pa gaspiye Nou vag sou leta Toujou anreta Pou sa fò n travay sou yo Pi gran yo fè plas pou yo (Yeah) Nou vle chante, nou vle chante Whoa Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo