Di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l E noumenm nou fè l Ou avèg? (An!) Pou tann dat n ap bay swè nou Menm lè n ta vle vag, nou te bay swè nou Pou talan m ki fè m jwenn moun felisite m Lajan m, san m, tan m se tout sa li koute m Ladan pou yo tande m lè m ap chante reyalite m Mizik sa s on fason pou m di m pap bouke sakrifye m Pou rap, (Yeah!) M pap pè afronte danje, konfronte danje Chante tout sak verite Pou rap, (Yeah!) kòb lekol la pase, m revann tout sa m achte Pou m fè mesaj mwen pase M ap goumen pou sa m kwè a (Hip Hop! Hip HoP!), pou pwezi m M pap pè viktim, m riske pèdi vi m Louwanj pou granmèt la k anlè a ki banm konesans Kwayans, entèlijans, sèl li k gen pouvwa sou lespri m Se sa k fè m m pap pèdi kouraj, malgre gen difikilte yo Ki dire gen boykotaj, n ap toujou tande m kap flo Pou rap kreyol pron lot paj m prè pou m foure pye m nan dlo Kopyaj, komès kopi paka fè m pa tizè mikro Chak jou n dèyè on mikro n ap pouch, pouch Nou itilize sèvo ke bouch, bouch Pote pou fanatik nou yo e pou tout kouch Verite n ap pot pou yo, menm lè n tonbe anba katouch Di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l E noumenm nou fè l. Ou avèg? (An!) Pou tann dat nap bay swè nou Menm lè n ta vle vag nou te bay swè nou Premye projè n se te projè project Finansman an se te nou menm, patnè n, blòk la avè n Bay Ipap bourad Sou bouch nou, met premye gou a Apre vokal nou lave men avan manje N pa bliye jou a. Kijan l te ye pati Nonm Band! Still do my thing Tizè tatouwe non l sou po pi mal ke Wutang Clan Kay chak nèg ou komanse jwenn tanperaman atis Kontra siyen, toupatou w wè 2, 3, 4 mil ak plis Se laa, pandan n sou sèn naj yo ap bann vye lòd Menm ti zanmi apre program gen kè yo bann fo kòb (Epi n n pa bon non man!) Sakrifis la ap kontinye menm lè nou ap antre nan laj Ayisyen m ye, sa m fè deja rete yon eritaj (Ou tande?) Nan geto a m leve, chak jou m wè la se gang Si m pat bandi frè m, dròg la m te ka revann (Be real!) Se pa fòt mwen non, depi tou piti (Thank U!) bondye lage m ladann Sakrifis sila pa pou vann Chak jou n dèyè on mikro n ap pouch, pouch Nou itilize sèvo ke bouch, bouch Pote pou fanatik nou yo e pou tout kouch Verite n ap pot pou yo, menm le n tonbe anba katouch Di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l E noumenm nou fè l Ou avèg? (An!) Pou tann dat n ap bay swè nou Menm lè n ta bay vag, nou te bay swè nou Pou mwen pi gwo sakrifis se lè m ap bat nay Nan ekri rhyme, flo ak liriks Se sak fè tout moun konn Young Cliff Kòm yon alchimis nan rap biznis M pap di plis ke sa, sitou lè m ap spit peta W ap deja wè kò mwen se tankou yon gwo biswit leta Si pita pi tris a laj mwen, fò m fè plis Jis pou m evite plis dega Ak dekwa m te ka fè plis ke sa Domaj lavi s on konba, pa lite w m pap f on pa Efo m fè nan BC, nan TV Si w gade w ap wè se mwen k pi piti Sa pa vle di se mwen kpi easy Si w wè n antre nan mizik, nou fè sakrifis Nou pap janm ka fin di w tray nou pase antanke artiste (Sa du man!) Se yon gwo biznis chaje mès chaje vis (An-Han!) Nou dwe travay pi plis pou rap kreyol tire benefis Ou wè group sa? Li fèt an Bricks Nan mitan l yon Brital Izolan Toutalantou l: Yon K-tafal, Young Fantom Mak li se Master, kontanple paske l se Dade la