Hey! Reveye w, li pwal fè jou Revolisyon an deja anklanche Èske w pare? Ki pozisyon w? Èske w RED Pa gen moun ki pafè Pa gen moun ki pa fè Èske lè w fon peche ou rekonèt li a klè? Èske w site non Bondye sèlman lè w nan malè? Èske vi w son destine ou byen ou fè l pa erè? Èske w RED Pa gen moun ki pafè Pa gen moun ki pa fè Eske w pa wè lajan sèvi plis move zafè? Èske latè vrèman se pa paradi lanfè? Èske avan w ale de vi w ou ka di ou fyè? Kilè w ap klè ak tèt ou Li lè pou w fè lapè ak tèt ou Pou nou renmen, frè ak sè nou Fyè de tèt nou Fyè paske nou se nwa kanpe vanyan di ou pap viv konsa Sa w dwe konnen fòk ou reyèl Pou simonte kalamite yo fò w lite ak fyèl Si nou tout gen menm ide nou ka fè demen bèl Mete w RED RED Ayisyen nou ka fè l Nou se pitit lamizè pouki n paka milyonè Problèm pap janm ka fè nou pè Nou konn sak rele lanfè Menm lè lavi a difisil Nou kenbe tèt nou nou rete real Still (BC all day) Revolisyon mantal la fòn aplike l Depi nou la fò k gen chanjman Nan wout la, Mpoko fè yon ka Petèt ke se pa mwen k ap fini lit la Men m ap bat pou m byen jwe patisyon m nan E lè lavi m va bout, kò a ap resi repoze anpè Paske m kwè, nou gran nou gen kran pou n goumen jiskobou RED Kont tout atant Ayisyen nou fèl pou ou pou listwa Pou ras nwa ka gen viktwa Nou se barikad pou tout tan