Bay kou bliye pote mak sonje Malè avèti pa tiye kokobe Yo pa janm wè kot lavi nèg geto pase Fè yo pran bato al mouri aletranje Tout moun ki vle demen, prepare jodi Nou pa konnen desten men fòk nou lite pou li Si w vle demen ou dwe prepare jodi Ou pa konnen desten w men fò k ou lite pou li Pa dwe gen dout sou mwen, Pa gen degout pou mwen M pa konnen kote lavi a bout pou mwen, kout pou mwen Paske pa gen souf pou mwen, bouf pou mwen Edikasyon touf pou mwen Pa gen moun, (Non!) ki pou trase wout pou mwen Pandan nou konnen yo konnen nou konnen Lè yo blo nou. N ap goumen pou yo bouke ba nou kout ponya nan do nou Yo koz, nou oze riske vi nou sou dlo Sa koz moun imilye nou pou koulè po Y atake nou lè yo vle paske n pa g on moun kap defann Depòte nou lè yo vle san konnen kisa n tap defann Batay sa n pap lage l se sa pou n jwenn nan n ap ret tann Nou pap lage (nou pap lage) Se pou n kenbe (se pou n kenbe) Chanjman n ap mande Vle ou pa vle n ap toujou goumen pou libète Nou pap lage (nou pap lage) Se pou n kenbe (se pou n kenbe) Chanjman n ap mande Vle ou pa vle n ap toujou goumen pou libète Yon batay fèk kòmanse kòman w ta vle wè poun lache Ayiti peyi Toma gade kijan li sou bounda E pa sèl anndan geto a ki gen nèg ki wrong Veye nèg ki ilegal anba vès yo k toujou gen gun Nou pa sispèk nou goumen twòp Agrikilti, ekonomi n fucked up Kounyea lòt nasyon vle jije n malpròp Eske n ap rete gade soukonn lè timoun dèyè lakay mare stòp? Pase men w nan kou frè w la di l mwen avè w nou se menm blood Pour le drapeau pour la patrie nan mitan nou an n mete lòd Se nou tout ki konsène, met men ansanm pou gen chanjman Kenbe fèm pa lache, pa vann peyi sa pou lajan Pa okipe moun k ap vin di n sa se lachte Raple n istwa Noye k sak fè l ak bèt yo pat neye Pòv, rich, nwa, rouj, nou se menm san (BC!) Met koulè wouj Yo tèlman fè lagè yo bliye si yo se frè Annou fè lapè pou Ayiti wè klè Nèg sa yo vle pran plas Lisifè Yo fè e defè, yo fè tout ayisyen wè nwè Nou pap lage (nou pap lage) Se pou n kenbe (se pou n kenbe) Chanjman n ap mande Vle ou pa vle n ap toujou goumen pou libète Nou pap lage (nou pap lage) Se pou n kenbe (se pou n kenbe) Chanjman n ap mande Vle ou pa vle n ap toujou goumen pou libète Di mwen kan: Na va kanpe nan yon sèl kan, fon sèl klan? Kan: Nava sispann fè zèl pou lòt lèl? Rete, kan: Goumen pa sèl ak zam pou blan poutan? (Kan?) Menm se sòt ki bay enbesil ki pa pran Wè w wè peyia ap degrade pa panse ke w pa responsab Ou gen madanm pitit nan kay se ou k pi wo wo-grade Bo lè pou w bo, pini lèw dwe, bay lè pouw bay Kwè m sa se vre. Koz lavi a konn pot move repons pal Kijan de moun pou w vle pitit ou vin ye, si w ap bat manman l nan figi l? Ki mòd fonksyonè w swete, si w di l volè ak plim s on bon deal? Ki sitwayen si pil fatra w pa rasanble lè l gran poul konn poul ranmasel (Yeah!) Depi gen sousi ou pap janm bouke jwenn pouki Fò w mande pouki, se dwa pa w tou ki jenn Menm lè yo di nou gang gang, nou deng deng, n ap bang bang Se nou ki lajenès donk fòk nou genyen brain man! Nou pap lage (nou pap lage) Se pou n kenbe (se pou n kenbe) Chanjman n ap mande Vle ou pa vle n ap toujou goumen pou libète Nou pap lage (nou pap lage) Se pou n kenbe (se pou n kenbe) Chanjman n ap mande Vle ou pa vle n ap toujou goumen pou libète