Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv Bouske lavi dè fwa tou konn detwi lavi Ou wè jou w viv yo ou pa konn kilè w ap mouri Koz vi a kout kon bout jip fanm E l dous dous tankou on bout kann In the bible says pa g anyen k ap rete tou bagay gen pou pase Pouki ou tiye tèt ou s on lachte Si lavi a te g on pri malere k pa tap achte Check this liriks m vin krache M garanti ou tande mwen ou kapab di m sa vre Pa bò isit tout depòte pè krim rache M konn mezi pye m m konn reziye m m pap janm vin lache À mon avis si kris te bay souf la avi Lèzòm t ap fè twòp chèlbè djòlè ak vizaj yo ravi Men l met lanmò trè frekan ak lizaj radi What goes up must come down se l ak lanfè ak paradi Jwi lavi w frè m, ça faut que tu le saches Ou mèt yon ouvriye medesen alevwa pou yon machan pistache M pa kwè nan sa gen ran sosyal ki dire klas Men talè kontra w bout misye lanmò baw yon ti pas kout Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri Koz vi a kout tankou on bout jip fanm E l dous dous tankou on bout kann Chak moun gen yon fason pou yo konsevwa lavi Yo ka gen menm pòt antre jamè yo pap gen menm pòt sòti Sinon pa t ap gen sezon sechrès ni sezon lapli Nou pa t ap konn kote w pwale si w pat konn kote w sòti Chak jou ta dwe fèt pou ou Anyen pa dwe frèt pou ou Desepsyon, eksepsyon kout baton pa defèt pou ou Mwen gen 25 m pa konn si m ap wè 26 an Toutfwa m ta wè l m ret kwè l pap rete pou tout tan Se gade w wè w sou on kaban on dal moun kanpe devan w Y ap priye pou je w louvri kèt! Se sa pi fò tout ap tann Pou yo di ou kenbe di k entèl patka vini 30 dola sa dread w oblije pote l pou li Lè w vin jwen konesans ou wè w pèdi on manb kèlkonk Moralman ou pèdi manman w pandan se sèl li ki sou sèn nan Poze kesyon pouki malè pat avèti n Menm jan tout tan yo di l fòk nou ka sispann bati bò ravin Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri Koz vi a kout tankou on bout jip fanm E l dous dous tankou on bout kann Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri Koz vi a kout tankou on bout jip fanm E l dous dous tankou on bout kann Chak fwa m ap trip m pa janm panse ak lanmò E lè m kwaze on antèman m etone kè m bat fò Life la baw tan pou w brase Se pou lè pye w glise Pou w prepare pou w tonbe Di ak frè m di ak sè m lavi se yon defi Kit se fanmi m kit se zanmi m piga w kouri sou li Pa gen anyen ki piti si lanwit te easy Pa gen moun ki t ap janm fèmen pòt pou li Lavi a dwòl li di nou tout fini pa viv li kanmenm Des jours w kontan konsa tou des jours ou ka wè w vini blèm Se sans li boss tout sa m ap di w rete fèm Branche pou w rete se moun k ap batay ki viv Ou ka chwazi kòman w vle viv men jamè kòman w vle leave Yo chwazi manje diri men jamè manje mayi ak viv Si w gen le chwa m pa wè rezon pou w ap konplekse lavi Menm lè touman w anpil ak sa w genyen pa janm bouke jwi l Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri Koz vi a kout tankou on bout jip fanm E l dous dous tankou on bout kann Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri Koz vi a kout tankou on bout jip fanm E l dous dous tankou on bout kann Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri Koz vi a kout tankou on bout jip fanm E l dous dous tankou on bout kann