Yon peyi paka avanse san edikasyon Malerezman sa k pou fè n viv naje nan koripsyon Yo apran jèn yo exclusion, discrimination Y ap devye yo Timoun de bon granmoun yo dejwe yo Se pa tout sa yo di w pou kwè l Anplis tout sa yo di w pou w fè l Se pa tout sa w tande ak wè ki se verite verite san pasyon Pou w pa konfon envès ak opoze Blòf ak gwo koze Mwen menm m pwopoze w Chèche konpran pouki 1 sou x pa -x menm lè x se -1 Gen elektron gen pwozitwon Vizyon w chanje Se on kesyon de pozisyon Menm lè avni w 2 pye w nan abi m Avèk yon sèvo plafon Toujou kenbe degre sajès Platon Egzistans pa ekri sou on platfòm Sou fòm, desen pa kwè nan desten Yo se vye jenerasyon Pandan nou jèn nou jere tout yon nasyon E yo menm yo rive fòme tout yon bastyon san jèn Dechèpiye tout yon popislasyon Mobilizasyon, ak kòb pou bloke nou Granmoun yo echwe Yo bay tout kòb Pou fè ti fanm yo devye Yo pa bay djòb Lajan peyi a gaspiye Koripsyon ap miltipliye Edikasyon jèn anba pye Epi y ap di se nou k dejwe Oh! Respekte jèn ki devwe Ki gen konesans bon sans responsbilite Se nou gen abilite Ak avni nou, ou pap janm jwe ankò Ou tou deja antò Yo se panse kont nouvo sann fiti kont le pase Tout sak te pase Nou pa ka toujou aksepte pou y ap repase devan nou Sof si n ta aksepte pou n ta rate jenès nou E n te chase feblès nou Lontan, se nou k jenerasyon k ap pale de granmoun Pale de bon moun Yo pat trase wout vyeyès Lage tout vye jès Repare tout erè n Lage tout vye mès Dèfwa yon kamyonèt ki bezwen chaje fò l jwen a bèfchenn Menm jan ak on peyi k bezwen mache fò l jwen ak jèn frè l Ki devwe e k gen sans de responsabilite Vle pran pou dejwe e n gentan gran ak dignite Yon peyi k ap mache chache verite di Steve Brunache Ganmoun yo echwe flanbo a nan men n di viv Hip Hop Ak tèt ansanm nou kanpe rèd man n ap fout yo frap Pou yo manyè kite jèn evolye yo pat kapab Granmoun yo echwe Yo bay tout kòb Pou fè ti fanm yo devye Yo pa bay djòb Lajan peyi a gaspiye Koripsyon ap miltipliye Edikasyon jèn anba pye Epi y ap di se nou k dejwe Oh! Respekte jèn ki devwe Ki gen konesans bon sans responsbilite Se nou gen abilite Ak avni nou, ou pap janm jwe ankò Ou tou deja antò Gen sa k la depi dikdantan travay yo pa regle anyen Pandan tan sa nou ap bat night e n pa dòmi menm lajounen Yo echwe, swadizan dejwe yo pran la relèv Pou n kenbe mayèt la nan BPC nou fòme elèv Gen nan yo k granmoun fizikman Yo still teenager mantalman Yo gen kran pou yo di ti mesye sa yo chaje ak talan Men sila vokasyon rate yap ting ting kou Satan Pitit nou yo defan pitit yo tande e tanke paran Se menm yo tou ki pran feeling nan lage pitit bay manman E se yo tou k ap touye Ayiti si yo k prezidan M sonje nan pouvwa w ta p dirije ou te van peyi n ak blan Bondye gran kounya n konprann (n apran n apran) Dan devan avni n nap defan Di m hooligan di m delekan Ou se yon maleng sosyalman Kounya se jèn ki dwe mennen Mwen wè sa ba w anpil pwoblèm Poukisa nan kè w ou mete èn Sistèm sa n ap met tèm avè l Ou echwe Pepe Granmoun yo echwe Yo bay tout kòb Pou fè ti fanm yo devye Yo pa bay djòb Lajan peyi a gaspiye Koripsyon ap miltipliye Edikasyon jèn anba pye Epi y ap di se nou k dejwe Oh! Respekte jèn ki devwe Ki gen konesans bon sans responsbilite Se nou gen abilite Ak avni nou, ou pap janm jwe ankò Ou tou deja antò Granmoun yo echwe Yo bay tout kòb Pou fè ti fanm yo devye Yo pa bay djòb Lajan peyi a gaspiye Koripsyon ap miltipliye Edikasyon jèn anba pye Epi y ap di se nou k dejwe Oh! Respekte jèn ki devwe Ki gen konesans bon sans responsbilite Se nou gen abilite Ak avni nou, ou pap janm jwe ankò Ou tou deja antò Lè gen move pwofesè Fòk g on elèv pran la relèv Ou fin pipi Pepe adiós!