M kwè lapriyè pa gen chèn li pa kase Menm lè w wè wout la vin pi fè nwa Men fò w pa pèdi lafwa Ou dwe toujou priye li pa gen chèn li pa kase Si w vle ranpòte viktwa Chak jou Bay Bondye glwa Ou dwe toujou priye paske li pa gen chèn li pa kase Si w vle rive ou pa ka fè l san li Se priye epi kwè nan li Nèg sa li rele le Seigneur Pa gen anyen l pa fè depi l vle fè Ou menm ou gen pou w kwè nan tèt ou Goumen jiskobou pou w reyalize rèv ou Ret konfyan nan God la boss Gen lafwa l ap ba w lafòs Bondye konn separe l konn bay ou pa dwe ofanse Bonte l Gen anvi tounen lekòl pou sèvo m pa gen plas vid Koz konensan se sa sèlman ki sèvi mwen kò m gid Mwen priye l chak jou an gras pou l fè lavi mwen pi long Pou m wè Shleubeups k ap reyisi san l pa fè anyen ki wrong Pa gen paradi ni lanfè sa w fè w ap peye l sou latè Ebyen frè mwen met jenou tè nan wout fènwè l ap fè w wè klè Lafwa se kwè nan sa w pa wè a Vi n dwe gen règ menm jan avèk Gramè a Si w reyisi yo pap di se nan move zafè a M ap fyè lè yo va tande vwa pèp la Lapriyè di pou w gen viktwa men fò w kapan reyaji C'est-à-dire fòk ou travay pou Haiti rebati Se on sèl moun ki ka geri kansè ki nan konsyans nou Li pa lòt ke être suprême nan ki te bay lavi l pou nou G anpil moun ki ap mande m kisa mwen fè lè m angaje M ap fèn konnen l'Eternel est mon berger M pa janm tonbe plenyen lè m wè pwojè m pa reyisi a M annik mete jenou atè epi mwen rele Messie a Hip Hop kreyòl la m ap pote l tankou on kwa Menm lè lamò frape n landan mwen still gen lafwa Ayisyen nan lapriyè n dwe fè plis efò Si se pa sa peyi a ap detwi si w konn sodòm e gomò Mwen remèt ou kò mwen nanm mwen fè m vinn kalite moun ou vle a L ap anpeche mwen padone mwen Papa se ou k verite a Nan ou m konnen m dwe gen lafwa Sou w pat la m t ap pèdi espwa Kwak lavi gen difikilte menm lè wout yo vin pi fè nwa Sou tè a kou nan syèl la mwen rekonèt se ou ki wa Mkwè w la w ap tande vwa m Granmèt la ou k gen tout pouvwa Mèsi pou tout kout men w banmwen lè m santi m angaje Jèn yo pa neglije priye li pa gen chèn li pa kase Lord ou se premye moun ki merite mèsi Pa konpasyon w n benefisye lavi Pa kite anyen detounen w sof nan sa w kwè a se mete men Gen de moun ki kont mwen gen de moun ki Hate Menm pa poukont mwen yo deja wè m pap fake Pa bezwen wont man lè w wè m ap spit Pa vin fè kont mizik ap mete w sou wep S on sèl moun ki konnen ki jou ki lè n ape Rive Priye veye pa pè met jenou w atè si w kwè se Letènèl k ap dirije Konsa w gen pou w wè lavi w chanje