S on bagay mwen kòmanse mwen pap lache Mwen gonfle ponyèt mwen nan figi sistèm nan m ap flache E s on bagay mwen gen lakay mwen mwen pat al achte Yon bout move kon kong mwen se kontrè tout sak lachte Lontan m te gon pè tenis pye m te santi mayas Ak de nesans mwen te Danyèl lari te rele m payas Yo trete m nèg sal men sal pou sosyete mwen pat gen plas Mwen kenbe diyite m fyète m kounya tout moun vle wè m anfas Mwen vin premye lo sak jwe bingo se sou mwen yo fè miz Mwen montre sam vo sak vize wo sou mwen vle met anpriz Yo pat konnen ni m pat plenyen men lè mwen pat gen anyen Sa m te konnen yo pat konnen mwen te fèt pou mwen genyen Vin gen rezon devan kras paske m gen lanmou pou dlo Gen 4 sezon gen 4 fas m vin pi granmou vin pi gwo Devan sa k t ap souzestime m ni sak t ap teke pye m Sila yo k te vle avegle eklate tout sa k te vle bloke m Mwen eklate I was born 2 win Dat m fèt se 3 Zòn m fèt se mas la M fèt san papa Se aprè l rekonèt shotta Menm misye wè m s on kòb vèt Depi m bebe m pwomèt Vire a laj de 3 zan yon ti val pa vle wè pwòp tèt Apè sa tout sa m te fè lè m te briye M se nèg k abitye pase lekòl san menm etidye Tout sa m ap fè m lage m ladann E ceci san mezire m fout fò nan tout (nèt) Bondye wè se sa m merite Moman antèman te tcheke m li gade m li souri Dekourajman vin tcheke m li jis wè m li kouri Lè chanmbalan vle dejwe m yo tout wè m pi pouri Yon malpalan k denigre m yo te prèt pou mouri Se pou m moutre w se pa chans ki fè m la vre Se pa koutwazi non big man ki fè m sa m ye (tonnè) Se Bondye ki wè se mwen ka pote l (kòd la) Bricks is the winner loser chita kopye l I was born 2 win A 19 an m te deside pou m fè street Fanmi m pat janm dakò yo di m son manje k pot ko kwit (Mwen t'al twò vit) Pat gen pwoblèm anndan kay la pou m ret grangou Menm te toujou ap panse kisa demen mwen ap devni (Pat gen avni) Mank parenaj fèm pa janm nan yon gwo lekòl Edikasyon familyal mwen fè m kenbe yon pwotokòl (Mwen pat pran dròg non) Tenis nan pye m konn fache jiskaske l boude Men m pat ka mete l poze paske m pat gen lòt pou m woule (M konn reziye m) Jean ki sou mwen m bay kou jiskaske l chire Vye pantalon bay sou talon m nan defwa tou li konn fisire M se sèl nèg mizè kenbe men men m pat fè figi m fennen Menm lè li konn pran mwen a gagann M konnen yon jou l t ap banm legen Gade kounya wout la trase pou mwen Ansanm ak Barikad le mond antye fikse sou mwen (M te vize lwen) Bondye pou mwen m toujou kwe nan lapriyè Mwen fin venk etap fè nwa yo men kounya mwen nan limyè I was born 2 win Brital brital M ap reve jamè m fleri Se tankou sa te predi A bouch mwen m pote plezi Laj mwen sa m fè moun yo sezi Depi ou tande vwa m ou frik Tèlman fè devwa mwen strik Sou mwen ou pap menm ka pot kritik Tout sam fè banm fanatik Brital kap bay panik Toto w konnen m gen full teknik Pou m chanje pwoblemantik sistèm nan map grennen lirik Mwen trè dinamik Mwen s on sous enèjetik Mwen se desandan Lafrik Men m g on pase istorik Mwen s on etwal kap briye gwo midi nan Pòtoprens lan Se depi m fèt ak maji m reflechi m viv tankou prens lan Mèsi Granmèt ap ban m pwisans lan poum travay an plen tan Desten m predi, tout enpòtans yo fè m kanpe san krent lan Tout moun konn valè m, solisyon tout pwoblèm Brital sonw anblèm toujou pote gwo powèm Chak jou m gen plis enpòtans nan je yo Tout sa k ap pale m tande yo Paske m toujou chofe yo Fè m chon fle yo map pote yo